M' voye dlo,m'pa mouye pèsòn
Mwen ta renmen poze'w yon kesyon . Eske'w se mennaj moun wap rele mennaj ou ? Eske'w se madanm moun wap rele mari'w la? Eske'w se mari moun wap rele madanm ou an? Mwen pa bezwen konn repons lan, reponn pou tèt ou. Paske moun ou konsidere kòm mennaj prefere'w la ka gen mennaj prefere'l tou. Pa pèdi tan'w nan yon relasyon ou wè ki pa gen okenn avni, kote se ou sèl kap panse e kap fè tout sa k depann de ou pou sa mache. Pa fè tèt ou soufri pou yon moun ki pa menm montre'w ke'w enpòtan pou li. Renmen tèt ou avan ou renmen yon lòt moun.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire