dimanche 4 juin 2017

Pa kite madan maryew pou fanm deyor

Fanm deyò konn ap ba'w plis #love ke madan marye'w, men Se pa renmen li renmen'w plis pasel, li konnen ou gen fanm ou deja li konnen li nan konpetisyon l'ap fè tout sak depan de li pou'l genyen'w. Jou ou kite madanm ou pou'w Al viv avel net, Wap banm rezon. Lap ba'w pi move tretman ke madanm ou. Paske konnya li posede'w li pap santi nesesite pou'l goumen pou a ankò. Se konsa anpil relasyon kraze lè'w sispann fè menm sa'w te konn fè pou'w te genyen kè moun ki nan vi'w la. Lè yon bagay pa mache ant ou menm ak madanm ou fèl konnen sa si'w santi'w an mank tou di'l sa men depi'w nan al chèche sa'w manke nan men lòt moun se fwaye'w w'ap kraze.