jeudi 25 mai 2017

aprann viv an paix nan relasyonw

Anpil fwa'm tande nèg kap fè dyòlè kap di "mwen menm m'pa janm kite fanm depi se ex mwen m'koupe tout nenpòt lè'm vle". Se byen domaj pi fò medam yo pa konn valè yo etan ke fanm se nòmal pou yo dakò'w drive yo jan'w vle lè'w vle malgre yo konnen'w pa bezwen yo malgre yo konnen'w gen fanm ou.
Men kounya danje ki genyen nan tout sa se paske se ou menm ankò k'ap kreye yon klima pou'w pa janm an pè. Anpil fwa moun sa ki te menaj ou ki vin tounen kliyan menm lè li souri ba ou andan'l li pa ri vre. Li t'ap toujou swete nan plas fanm kap domi dèyè do'w chak swa fanm kap pote pitit ou a fanm ke'w bay bag la. Li konnen li pa ka manje manje'a ankò men l'ap voye you men tè ladan'l kanmè'm. Plis ou gen kliyan se plis madanm ou gen ènmi, e pafwa li pa menm konnen ki kantite moun kap panse mal pou li. Moun sa yo konnen yo pa ka genyen'w men menm jan ou gache vi pa yo a yap soulaje lè yo tande fwaye'w kraze tou.
Si'w vle viv an pè nan fwaye'w sispann fè vagabon, pa pran you'n pou serye pandan wap bay 15 lòt espwa. Konsekans erè sa yo grav anpil, si'w pa vle yon moun kitel al jwenn yon lot ki vlel, paske menm janl tap fè tout sal konnen poul genyen'w lan lè jalouzi moute sou kè'l lap anvi fè nenpòt bagay pou detwi'w tou.

Aucun commentaire: